Priyè m pou ou
▪︎ Pwezi Se pou lè w wè m Tout kò w pike w Pwa grate Leve danse Anlè anlè Chalè Se pou lè w gade m Tout anndan w tranble Nanm sekwe Trip mare Venn kòde Lespri boulvèse Kè dekadnase Se pou lè m frape nan lide w Ou leve kanpe Souf ou monte Swè koule Lespri w kreye Se pou lè je w nan je m Ou santi w byennere jèbèdè Pa te kwè Arivis Se pou lè w lonmen non m Ou santi w plen Fòs Limyè Dedouble Nan non enèji a Micaëlle Charliflor