Chanpyon
Menm si mwen patisipe nan plizyè konkou deja, jeneralman, mwen pa renmen konkou. Paske m twouve chak moun gen kapasite yo e li pa nesesè pou mete yonn anfas lòt epi sa ka fè nenpòt vye emosyon ak santiman parèt si pa genyen sa yo rele "fairplay" la. Pafwa konkou a konn parèt li pa ka pa fèt lè se yon bagay tout moun pa ka benefisye. Apati konkou "Haïti Jeunes Talents", m kòmanse bay koze sa yo rele konkou a yon lòt valè. Pi gwo valè m wè l genyen se paske li pouse w fè plis efò, bay tout ou menm, dekouvri kapasite ou pa t menm imajine ou genyen. Nan tèks sa a, m ap pataje ak nou de (2) koze. Premye a, se dekouvèt m fè sou mwen. Lòt la, se rezon ki te fè m chwazi entèprete "Ban m yon ti limyè" mizik Manno Charlemagne la. Mwen, m se yon "package" Depi m gen lespri m te toujou renmen tout sa k nan za e m te di toutotan m jwenn mwayen pratike yo m ap fè sa. M ap chante depi m piti, m te mande manman m mete m nan dans li te di sa pa bagay mo...