▪︎Enp resyon Depi se jenerasyon m, se mwen! Chak yon jenn nan jenerasyon fen ane 90 fè yon bagay ki konstriktif, reyalize yon bagay ki kreyatif, m kontan. E lè zèv sa oswa reyalizasyon sa a rive sou mwen, m jis fyè. Si nan fen ane 80 yo, jenès la te gen lòt medyòm, lòt fòmil, lòt platfòm, lòt espas pou yo kreye, pwodwi, rankontre, fè echanj, valorize travay yonn lòt, nou menm jenn alèkile yonn nan pi gwo platfòm ki konekte nou se "rezo sosyal" yo. Ebyen, yonn nan yo te fè m dekouvri yon may nan chèn ki bay lespwa e m pral bay nou enpresyon m sou yonn nan sa l reyalize paske l gen plizyè chapo. Nou nan mitan konfinman. Si genyen se liv ki te ede yo kenbe, gen lòt se mizik, kreyativite, ekriti. Gen yon lòt kategori moun se rezo sosyal ki te bay yo kouraj. Mwen te pami moun sa yo (m te lage nan lekti a tou, m te menm fè yon ribrik men se pa koze a sa). Se nan vin aktif sou rezo sosyal, espesyalman Twitter, m te dekouvri Florentz Charles aka PapiPwezi. M pa t pran tan pou m te ad...