Articles

Affichage des articles du octobre, 2020

Nou tout viktim

Image
  Sous : Facebook Moun ki li nan gwo liv yo, ki gen posiblite oswa chans ale lekòl fè etid avanse yo, èske gen yon konsèp ki tradwi sa m pral di la a? "Yon sèl moun viktim dirèkteman men tout lòt moun ki fè pati yon kategori nan sosyete a viktim endirèkteman." Tanpri souple ban m yon ti limyè! Jodi vandredi 16 oktòb la fè 15 jou depi Gregory Saint-Hilaire mouri nan sitiyasyon nou tout konnen. Gen nan nou, menm si n ap pale, n ap mache, nou tou mouri dèyè Greg. Sa k fè sa? Paske nan sa n te kwè a, nou wè l prèske pa itil anyen. Nou te kwè nan chita lekòl, bat nay nan etidye, depanse lajan nou pa genyen pou achte dokiman, fè efò sou tèt nou pou n li, aprann, konprann epi pou n mete men nan pat la, pou kontribye nan chanje sitiyasyon sosyete nou ye a. Men depi kèk tan, nou wè moun ki fè wout sa a, yo tounen kat make e yo pase a lenfinitif. Nou pèdi lespwa e se pa mwen ki di l "Lespwa fè moun viv". Gen nan nou, depi jou sa a, ki pa mete tèt deyò. Sèl kote nou gen pou no...