Articles

Affichage des articles du juillet, 2019

Kòman ou ye?

Yon kesyon ki souvan rive sou mwen san zatann, britsoukou. Li fè m pantan! Biw nan lestomak mwen. Pafwa li menm konn nève m. Sa konn rive m pa vrèman konn kijan pou m reponn paske swa m santi moun ki poze m kesyon an pa pare pou repons lan vre, swa m pa vle moun nan konnen nan kisa m ye, nan ki pèlen tèt m ap vironnen. Epi tou se yon repons ki ka modifye pa rapò ak moun ki poze m kesyon an. Se sa k fè m toujou gen yon repons objektif, global, ki reflete sa m ye tou. Kòman ou ye? M byen. Si se manman m ki mande m sa, m ap di m byen wi e ou? Menm si m konnen l ap fè kòmsi li pa tande "e ou" a. M byen repons global la men m ta ka di m byen manman men jodi a fè 25 an 3 mwa 6 jou ou te sove ak mwen ou pa t janm di papa m kote w fè ak mwen. Kounye a li mouri, si m gen pou m konnen li se pa isi ba. M te ka pi byen si ou te kite m konnen li, oswa jis di m sa k te pase a mwen ase gran kounye a pa vre? Wi ou te gendwa pa t ka rete ak...