Se pa elòj ni voye monte men, apre m fin tande #TRIAKK m santi m ta rap tou. M pa konn rap ditou, m poko janm eseye men m pa kwè m kapab non plis. Erezman nan "JÒF", douzyèm tit sou albòm nan,yonn nan MC yo di "se tout yon mouvman, se pa talan" ; se Règleman Afè Popilè. Kidonk m ka nan RAP san m pa rap pou otan. Mwen gen lòt bagay m ka fè, m a fè yo. E m panse nou chak ta dwe pran desizyon sa a : fè yon sèl, nan yon grenn mouvman, pou nou reklame tout sa n nesesite, tout sa n merite ansanm, pandan n ap bay patisipasyon n ak tout nanm nou nan nivo nou kapab. M kòmanse tèks la tankou se fini m t ap fini l, petèt paske se "Patchakouti", twazyèm tit sou albòm nan, ki te rive sou mwen an premye pami tout tit ki pi rive sou mwen yo. " Patchakouti se kawo, se dezòd, sa k anba vin anwo, sa k anwo vin anba". Antouka se pa mwen ki ap premye di l, tou le 14 track #TRIAKK frape fò. Se petèt sansibilite w ak sibjektivite w ki ka fè gen kèk tit an patikilye ...