Trip Lòk
Mwen pase nwit la ap rele matcho a, m pa jwenn li. Kè m t ap sote, m pa t vle pou yon bagay mal rive li. Paske se vre, akoz manman m, li te pran poto men sa pa vle di nou pa t ka repran randevou menm si se ta lè peyi delòk. Sèl mwen k konn sa m ap prepare pou li, dayè m dwe fè yon jan pou l padone m. M ap miltipliye setyèm syèl pa twa pou li. Kè m t ap sote tou paske sa pa t nan abitid li pou l pa bay mwen nouvèl li lè l rantre sitou si n t ap pale nan jounen an oswa n te wè. Twa jou pase, li pa bay mwen nouvèl. Li pa janm anlè, telefòn nan ki te sonnen san repons jou poto a, pa sonnen ankò ditou. La vrèman, m te bon jan frikat. Nan kay la, m te trè akaryat. Manman m t ap plede mande m sa m genyen, si m santi m malad. M te toujou di l non. Sou senkyèm jou a, manman m kesyone m ankò. San m pa reponn m pete kriye epi m kouri ale klete tèt mwen nan chanm nan. M vin lòk trip fwa. M...