SenDenden
Pou Dor
Pou Lyncey
Pou Ninie
"Medam sa nou panse si nou fè yon soti "Chacun son kina" pou katòz fevriye a? Se yon vandredi l ap ye, m panse nou tout ap kapab."
Malawi te fè zanmi l yo pwopozisyon sa a pandan l te deja konnen genyen anpil chans pou yo dakò paske se te yon fantasm yo te genyen depi nan fen adolesans yo.
Malawi, Damaka ak Haswitch se twa bon zanmi. Yo te grandi ansanm, yo genyen menm laj e kounye a yo granmoun tèt yo. Menm si yo chak fè chemen pa yo (yo evolye nan domèn diferan, yo gen gou ki deferan, yo chak konprann lavi a nan fason pa yo), sa pa anpeche yo toujou zanmi.
Haswitch reponn :
-aaa mwen pa konnen si Soumbi ap dakò ; nou konnen kijan li ye, se nan kavèn li li renmen rete.
- ak nan jaden w!
Tou le twa medam yo pran ri apre remak Damaka a. Menm kote a, yo te vin sispèk, yonn ap gade lòt. Epi Damaka repran :
- woy! Nou pa bezwen pè pou mwen medam. Pami nèg mwen yo m ap envite Bokanndi, nèg bous la. Li ap depanse e li pa lèd tigason. L ap klere nou nan foto an gwoup yo.
- wi, menm si ou pa p ka pibliye yo.
Tou le twa medam yo ri ankò.
Malawi, se li ki te pi djòl alèlè, tout sa li konnen li pale e li pa nan sere kras. Lè twa medam yo ansanm, se li ki te parèt pi entèlijan. Damaka li menm se yon bwasèz, chaje ak cham. Depi l bezwen yon bagay, le ou la fason li ap jwenn li. Li genyen anpil detèminasyon (nan bon tankou nan move sans). Haswitch, ou pa fouti wè kiyès li ye tout bon, sèlman li se yon moun poze epi li toujou ap swiv. Si w konnen de karakteristik sa yo de li, ou ka viv avèk li.
Nan demen, medam yo konfime sòti a epi planifye tout bagay. Kounye a, se jou a yo ap tann. Yo te deside ale yon kote lavil, 8è nan aswè. Malawi ki deja ap viv nan kay ak Dalonson, manman l te fè prèske ennan pa pale ak li pou sa, ap pase pran Damaka. Soumbi ap pase chèche Haswitch epi Bokanndi ap vini poukont li.
****
- sèlman m konnen w fanm, afè makiyaj ou pa janm pa fè w anreta! M pale w, Dalonson pap kanpe tann ou plis ke de minit.
Li te 7è15, Malawi t ap bay Damaka chalè paske l pa vle nan pale anpil ak nèg li. Ni tou li pa vle nan fache ak zanmi l.
- aaa! Sa w gen la m di w m ap gentan pare. M gentan fin benyen la.
- ebyen ok sis! N ap wè talè.
Li fin konkli ak kòmè a. Li vire, li wè Dalonson ki t ap gade l nan kwen je pandan l te fè kòm si li nan telefòn li.
- wallay!!! Ou pa bezwen fè kapris Dal. Ou mèt gade bèl manmi an, gade rèn nan, se pou ou l ye.
Yo tou de ri epi Dalonson rale Malawi, li bo l. Li tou kòmanse pase men, ponyen cheve, peze dèyè...
- bebe kite m al benyen.
Pawòl yo pa t menm byen soti tèlman Dalonson te tache bouch li nan pa Malawi. Li te fè kòm si li pa t tande tou. Li voye telefòn li sou Yon ti tab ki pa t lwen, li fè yon jan li fè Malawi chita sou li an kalifouchon. Manmzèl kase yon gwo kout ri lè li santi jan zouti mouche a gentan byen rèd. Li di l ankò, pandan de je l fèmen, nan mitan yon alsiyis. Paske dwèt Dalonson te gentan ap fè manèv nan riyèl li.
- k k k kite m ale benyen Dal ! Hmmm... Nou sipoze pase pran Damaka alè. Dalonson Dalonson Dalonson
De je Malawi te fèmen, kò li te anvi rete men tèt li te vle reponn a obligasyon li genyen. Se yonn nan pi move sitiyasyon ou te ka twouve w, kote kò w tèlman vle yon bagay li pa menm okipe sèvo a ki soti pou pase li lòd. Sa k pi mal la, pafwa se ak pwòp tèt ou, ak moun ki pwòch ou, ki menm ap pataje vi w. E sa konn lakòz malè rive. Men si ak fèm konvèsasyon w ou di tèt ou non se non, si lòt la pa yon egoyis epi li respekte volonte w, ou ka evite malè a. Dalonson, se yonn nan moun sa yo. Li pa fè pati moun tèt anlè yo lòk depi tèt anba yo kanpe. Malgre li te santi l pa ka kenbe, li te deside vag sou tantativ la.
- oke! Malawi ale benyen.
Li di pawòl yo bout pa bout. Anpil gason pa renmen lè yo refize yo.
- bebe ou pa bezwen fache, nou ap fè li pita lè nou vini. Bon, si w vle n ap menm fè vèy.
Dalonson gade l, danmijann li te toujou anlè, ak yon min serye li mande :
- ou si? Ou pap fatige? Ou pap sou? Dòmi pap pran w?
- pa enkyete w pou sa.
Malawi bo mari li epi li leve pou li ale nan douch.
****
- alo
- n ap toujou sòti a? M pare wi e Soumbi deja nan wout pou li vini chèche mwen.
- bonswa Haswitch. (Yo ri)
- aaaa m pap okipe w! Ou toujou bezwen montre moun lizay. Bonswa man Dal. Reponn kounye a souple.
- wi sis, sòti a toujou kenbe. Nou pral deplase kounye a.
- ok
- ok n ap wè talè.
****
- apa w te gentan la Bobo.
Damaka annik antre nan restoran an li wè Boganndi ki te la depi dis minit, li bo l sou bouch.
- aaa, ou konnen! M te anvi wè w anpil.
Se sa toutou mete may, Damaka di pawòl sa yo nan lespri l pandan l ap souri epi l fè prezantasyon yo. Pandanstan, Haswitch ak Soumbi parèt. Yon sèvè vin kote yo.
- eskize m... Bonswa mesye dam, mwen ka ede nou chwazi yon tab? Mwen ap tou bay nou meni an.
An verite se te yon espas agreyab. Te genyen yon ba, ti limyè plizyè koulè yo k ap mouri etenn, espas pou sikile, yon bèl ti kwen fènwa ki sèvis pis pou danse, bon klimatizè nan dada kliyan yo epi konsomasyon an pa t chè. Espas la te fenk operasyonèl, pwopriyetè a sanble te bezwen rale moun. Antouka, "chacun son kina" sanble ta pral byen pase.
Yon bon inèd tan gentan pase, moun yo fè konesans pi plis, pale de aktivite yo, kèk pwojè ki pral ateri, an gwo, yo te ap fè yon sòt de rezotaj. Pandan yo pran yon ti moman repi, sèvè a pwenti san yo pa t rele l, li mete twa bèl bwat sou tab la e li fè yon jan pou chak koup te gen yonn devan l(men bon sèvè). Epi li di :
- mèt biznis lan ofri nou kado sa yo epi l swete nou bon sen valanten.
Sanzatann tou le sis moun yo bat bravo. Ti madanm ki pi tèktèk la te fè yon pwopozisyon pandan li ap ouvri bwat ki te devan koup li a.
- an palan mesyedam, kisa nou panse de senvalanten ?
Sa k pi poze a kouri dèyè pandan l fè menm jès ak li.
- aaa ou menm ! Ou toujou sou fè deba. Gade yon moun mesye...
Sa k pi limena a apiye
- se pa manti non! Se ennjòy nou vin ennjòy aswè a, nou pa vin fè egzèsis refleksyon.
Malawi pa t wont paske li abitye ak zanmi l yo, epi se trip medam yo t ap trip. Men li pa t ensiste. Anndan bwat li a te gen anviron yon douzèn ti chokola ki te ranje an fòm kè. Li souri, li mete yonn nan bouch li, li bay Dalonson ladann, yo tou bo. Lòt moun yo sifle, aplodi. Menm kote a Dalonson di :
- pou mwen senvalanten an se sa. Genyen lanmou nan kè w pou tout moun alawonnbadè, m panse se sa k fè n la aswè a. Men ak moun ou deside pataje vi w la, se yon lanmou espesyal. Pafwa li konn parèt se tankou pwòp tèt ou w ap bay lanmou atravè yon lòt moun men li plis ke sa. Paske ou dwe ka ede moun nan evolye tou. Se yonn nan rezon ki fè m pa janm regrèt m te chwazi w Malawi.
San tranzisyon, Soumbi pran :
- m pa byen sonje men senvalanten se yon fèt ki la depi nan antikite, m kwè l te vin antre nan legliz katolik men kounye a, a 80% se yon fèt komèsyal. Men menm si sa, sa pa anpeche m fè kè Haswitch Belanndi kontan. Moun ki pi konprann mwen sou latè, jiska prezan, ki aksepte m e ki motive m. Haswitch, èske w pare pou marye ak mwen?
Aplodisman pou pi rèd.
Malgre te genyen mizik nan espas la, gen yon silans ki plani ak fòs pami mesyedam yo. Definitivman, Damaka te fò nan bay moun sispens, nan fè moun sispèk. Kòm manzè te wè se gason yo ki te pale nan lòt koup yo, li t ap tann Boganndi di mo pa li. Lè li sispèk misye pap di anyen, li kage yon gòje epi li lage :
- mwen, m pa konn ni sen valanten, ni sen sesi ni sen sela. Tout sen m konnen se sen denden. (Li bwè yon lòt gòje). Jan manman m konn di "tout gason se chen" m pap vekse nou non mesye. Tout relasyon chita sou enterè e mwen mwenm, enterè m se lajan.
Tout moun te sezi. Damaka te kòmanse ay se sa k fè li t ap pale konsa. Men yo toujou di pawòl yon moun di lè l sou koulè, se yo k pi onèt.
- Ann al danse, n ap fè echanj patnè.
Menm kote a tout moun leve, yo fè tankou yo pa tande replik Damaka yo.
Sou pis la, tout moun te tèt frèt sof Damaka ak Boganndi. Malawi pa t sakaje kò l twòp, li t ap sere enèji li pou pita. Lè tout moun rejwenn patnè pa yo, kat moun ale chita. De sispèk yo te rete. Pèsonn pa t enkyete yo, yo di se nòmal men podyab.
- Damaka sa w sot di talè a, m pral fè w bwè l wi cheri. Boganndi di koze a ak yon asirans, yon detèminasyon epi tankou yon moun k ap pase yon lòt nan rizib. Damaka tou reprann lisidite l, li vale saliv pou l reponn.
- sa w ap di konsa Bobo?
-Pa pèmèt ou rele m konsa ankò. Li plake fi a nan mi an epi l kontinye, ou pa menm bezwen rele, mizik la fò pèsonn pap tande e nou poukont nou sou pis la. Ou pa menm bezwen fè retisans non plis, se pou ou l ap pi mal. Paske vle pa vle, sa m bezwen an m ap pran l. Dat w ap manje lajanm Damaka! Fòk m ta dekouvri w. Plake w la.
Damaka te tèlman sezi, li pa t menm gen tan pou l reyaji. Se santi l santi doulè a nan fant janm li, gwo souf la nan figi l ak kout ren k ap frape l nan mi an.
- ranje rad ou pou n soti!
- lanmèd!!!
- di sa w vle manman lòbèy.
Damaka te pran direksyon twalèt yo pou l pran yon ti souf avan li tounen kote moun yo.
- kote Damaka?
- anh! Li al pipi.
- o! Ki mirak!
Makala konnen zanmi l byen. Li pa renmen fè bezwen l lòt kote ke lakay li.
- ou anfòm sis?
- wi, m sèlman vle ale lakay.
- li apèn onzè wi. Haswitch te anvi rete ak fiyanse li toujou e se sa li te fè. Sa te pi bon toujou pou Dalonson li t ap ri nan kè men l pa t konprann sa k t ap pase Damaka.
Bokanndi ta pral bo l, li fè bak li di :
- babay Haswitch e konpanyi. Ann ale Makala epi l mache devan.
****
Yo fè tout wout la yo pa pale. Lè Damaka pral desann, zanmi l mande l :
- ou si ou pa gen anyen?
- n ap gentan pale Sis. Bon lannwit. Mèsi. Mèsi Dalonson.
Chak moun bezwen fè yon esperyans pou yo reflechi plis sou lavi yo. Se sa k te rive Damaka jou sa. Ki pi bèl senvalanten ke sa?
Commentaires
Enregistrer un commentaire