Kòman ou ye?
Yon kesyon ki souvan rive sou mwen san zatann, britsoukou. Li fè m pantan! Biw nan lestomak mwen. Pafwa li menm konn nève m. Sa konn rive m pa vrèman konn kijan pou m reponn paske swa m santi moun ki poze m kesyon an pa pare pou repons lan vre, swa m pa vle moun nan konnen nan kisa m ye, nan ki pèlen tèt m ap vironnen. Epi tou se yon repons ki ka modifye pa rapò ak moun ki poze m kesyon an. Se sa k fè m toujou gen yon repons objektif, global, ki reflete sa m ye tou.
Kòman ou ye? M byen.
Si se manman m ki mande m sa, m ap di m byen wi e ou? Menm si m konnen l ap fè kòmsi li pa tande "e ou" a. M byen repons global la men m ta ka di m byen manman men jodi a fè 25 an 3 mwa 6 jou ou te sove ak mwen ou pa t janm di papa m kote w fè ak mwen. Kounye a li mouri, si m gen pou m konnen li se pa isi ba. M te ka pi byen si ou te kite m konnen li, oswa jis di m sa k te pase a mwen ase gran kounye a pa vre? Wi ou te gendwa pa t ka rete ak li men mwen menm m te gen dwa rekonèt li.
Si se Faland, pi bon zanmi m ki mande m sa, m ap di l m byen e li? L ap di m li byen tou epi tonbe pale m de tout pwoblèm li genyen. Epi m t ap la pou m tande li paske se wòl yon zanmi pa vre? Antouka se sa yo di. Men mwen menm, m t ap jis anvi di l m bouke, m kòmanse santi m pèdi fòs pou m goumen. Sitiyasyon peyi m vle bwè m. M kòmanse wè gri petèt apre m ap wè klè, oswa m ap wè nwa. Men m te eseye di Faland tout sa yo yonn ou de fwa li te kouri dèyè m.
Si se ti menaj mwen an, ki kite m depi yon mwa a, k ap chèche konnen, li klè m ap di l m byen. Wi m byen paske m pa kouche malad, m pa santi doulè. Wi, fizikman m byen men m t ap di l olye li kite m paske l vle rezoud kèk pwoblèm pèsonèl, m t ap pito rete avèk li pou m ede li simonte yo paske m te pare pou sa. M t ap pito soufri, si tann se yon soufrans. Wi, m t ap tann pandan m t ap toujou konnen m lib pou m pwojte m janm vle ak li nan panse m.
Si se "crush" mwen, sa m anvi konnen plis de li a, pataje plis ak li a ki ta mande m kòman m ye menm ti chanson an t ap jwe men m t ap vle ajoute kè m te fè m mal lè m konnen li an koup, m t ap ajoute tou se domaj li pa renmen angaje yon konvèsasyon, domaj li entwovèti. M t ap tou fè l konnen m renmen l. Se pa jan de lanmou bonjou-kouche yo, lanmou anpil nan jenès la. Se lanmou lè w fenk fè yon nouvo konesans e w vle sa ale pi lwen, lanmou-admirasyon, lanmou-lajwa, lanmou-inosans, lanmou ki kolorye ak anvi pou dekouvri lòt la. Se konsa m renmen w e m vle renmen w. Kote w ye a, ke panse m yo fè w santi gen yon moun ki renmen vwa w, jan w souri ak 1m90 ou an. Sa ka petèt pasaje men se yon bagay kan menm.
Si se Gaspa, filè m nan, m panse m t ap reponn li onètman m pa konn poukisa. Wi m t ap di l m byen m t ap tou ajoute si li vle m pi byen toujou, sispann di li renmen m, sispann anvayi espas mwen, sispann fè m plezi. M renmen plezi a se vre men se pa li k pou bay mwen li. M t ap fè l konprann m pa bezwen nan vi li antanke fanm li, menaj oswa madanm pou nou patnè oswa asosye epi reyalize gwo, bèl ak bon bagay. M t ap fè l konnen m renmen li tou men pa jan l ta vle a.
Si se yon senp konesans, yon enkoni oswa yon soumoun tou ki ta mande m kòman m ye, ak yon bèl souri m t ap resite l leson an. Konsa, m t ap evite anpil anpil bagay. Anpil nan nou konn fè sa, di nou byen oswa nou pa pi mal pou evite moun kesyone nou sou kisa k ap pase nan vi nou, anndan kay nou. Di lòt la ou byen toujou parèt pi senp men gen gwo kach kach liben ladann tou.
E si se ak pwòp tèt mwen m t ap pale, m panse se moman m t ap pi onèt, se li m t ap ka di plis. M t ap bezwen silans ak anpil onètete. Petèt m te ka bezwen yon miwa pou m gade tèt mwen nan je, pou m rive jwenn nanm mwen pou m di li byen fizikman pa sifi. Ou gen dwa pou ou byen nan tout pati ki konpoze w. Ou gen dwa pou w byen nan kò w, kè w ak lespri w. Wi ou gen dwa sa e ou dwe goumen pou byennèt sa a paske se pi gwo richès ou te ka genyen. Grenn kesyon sa a mwen t ap poze tèt mwen an te ka mennen m lwen nan yon gwo dyalòg ant mwen menm ak mwen epi mennen m tounen pre ak yon frechè, yon otantisite epi yon enèji tou nèf. Domaj pèsonn p ap janm mande m sa ankò. Tout sa yo di m se mache epi bay mwen kout frèt kach. Yo la janm mande zonbi kòman yo ye men mwen kite mande w :
"Kòman ou ye? "
Micaëlle Charliflor
Bèl Bagay
RépondreSupprimerBon bagay
RépondreSupprimerWow
RépondreSupprimerHum
RépondreSupprimer