Trip Lòk
Mwen pase nwit la ap rele matcho a, m pa jwenn li. Kè m t ap sote, m pa t vle pou yon bagay mal rive li. Paske se vre, akoz manman m, li te pran poto men sa pa vle di nou pa t ka repran randevou menm si se ta lè peyi delòk. Sèl mwen k konn sa m ap prepare pou li, dayè m dwe fè yon jan pou l padone m. M ap miltipliye setyèm syèl pa twa pou li.
Kè m t ap sote tou paske sa pa t nan abitid li pou l pa bay mwen nouvèl li lè l rantre sitou si n t ap pale nan jounen an oswa n te wè. Twa jou pase, li pa bay mwen nouvèl. Li pa janm anlè, telefòn nan ki te sonnen san repons jou poto a, pa sonnen ankò ditou. La vrèman, m te bon jan frikat. Nan kay la, m te trè akaryat. Manman m t ap plede mande m sa m genyen, si m santi m malad. M te toujou di l non. Sou senkyèm jou a, manman m kesyone m ankò. San m pa reponn m pete kriye epi m kouri ale klete tèt mwen nan chanm nan. M vin lòk trip fwa. M pa ka soti, m ka pa demare may mwen, m pa gen kontak ak John.
Relasyon m ak Jhon pa t defini e, m panse nou te alèz konsa. Nou pa t ni menaj, ni crush, ni sèksfrenn, ni filè. Kòm pa genyen yon non ki ka di aklè kisa nou ye yonn pou lòt, m ka di nou te de zanmi ki t ap viv yon bagay espesyal e sa te konte anpil pou mwen. Nou youn te alèz ak lòt. Nou pale tout bagay. Nou konfye youn lòt. M ap imajine mwen menm ki ap pèdi tout bagay sa yo akoz yon chalè m pa t ka jere. Akoz manman m tou, nan yon sans. Epi m mete zorye a sou tèt mwen, m rele ak tout fòs mwen.
M te tris tou, paske m te wè tout fantas mwen yo ak Jhon te flay tankou sann oswa pousyè van bwote. M leve, m benyen epi m te deside pote dèy.
Sitiyasyon sa a te pouse m reflechi ak tout moun sa yo ki te san defans. Ki pa menm gen yon bon kote pou yo rete epi k ap pèdi pitit yo, fanmi yo, pwòch yo. La menm, m te pran konsyans epi m te vin solidè.
Jeneralman, m pa yon moun ki enkyete li fasil konsa. Men depi lè manman m vini an, li tande nouvèl vennkat sou vennkat e se "zénith" li tande pi souvan. Anvan, m te konn kouri dèyè l, fè gwo pale anpil. Men kounye a, m sèlman chanje pòs radyo a de tanzantan. Tank m ap enfòme, tank anvi pran lari a t ap monte nan mwen.
Lè m gen uit jou m pa tande Jhon, yo te anonse yon gwo manif m te deside ale. Manman m t ap jèbèdè, m pa okipe l. M mete djin nwa, mayo nwa, tenis nwa menm soutyen ak kilòt nwa m te mete. M te chwazi pa manje anyen. M mare tèt mwen ak yon drapo Ayiti. M pran yon bidon dlo, kachne ak yon linèt nwa ak mwatye nan ekonomi m te genyen. Pandan m pral ouvè baryè a m sonje m pa pran sèvyèt. M tounen m pran yonn, m gade manman m nan je pou si se ta dènye fwa m wè l. M fwote machwè m bò kot pa l epi m mete deyò.
M pran gaz, m bwè lafimen, m janbe barikad m pa may. Se te pèlerinaj mwen pou m te di Jhon babay epi se te fason pa m pou m di m pa dakò ak sa anasi yo ap fè ak peyi a. M bouke lòk. M bouke wè avni m flou. M bouke viv nan gwosè ensètitid sa. Twòp nyaj nan vi m!
Lè nou rive channmas, prèske bò palè lapolis tonbe tire. Gen moun tout pre m nan ki blese. Mwen, m kouri, m kouri. Lè m pran souf m wè m gentan bò estad. Menm kote a m di deyò, deyò nèt banm rive kay Jhon, paske m sonje se kafou li te rete, o mwen m ap konfime tout bagay. Li te 5è edmi lè m ouvè telefòn nan. Manman m bay mwen douz apèl manke. M tounen l apèl la tou swit. M di l m byen, m ap vini. Li mande m kote m ye m pa okipe l. Anvan fèmen, m tande l di l ap pote papa m plent pou mwen. M di
-ok manman n ap wè pita
-pita, kòman pita a?
Kloup apèl la koupe, m byen kontan. M kouri ale nan mesaj enpòtan sou watsap pou m li adrès Jhon te bay mwen an.
"Arcachon 32, #17". M fèmen telefòn nan m depoze l.
M pase mizè anvan m rive. Li te 7è lè m rive devan yon kay ki gen yon ti granmoun bò yon bak-m sonje Jhon te konn di kamera katye li a se yon ti granmoun-, lè l wè m swe, m bouke epi m ap chèche li di :
-ti kòmè si w te salye m, m ta mande w si m ka ede w.
M eskize m, m esplike l ka m , m dekri l moun m bezwen an. Li pa janm wè. Li rete l ap di "anh anh".
-men ou konnen w eskandalèz anpil mafi? Sèl ak mwen w ap pale epi w pale fò konsa
M fè yon gwo kout ri. Se premye fwa m t ap ri konsa depi lontan. Yon moun koupe ri m nan tèlman li site non m ak fòs
-ANGELA
m vire, m te egzakteman devan kay Jhon epi li te la. Li te vivan li pa t mouri. M vole sou li. Li atrap mwen. M bo l, m pa konn konbyen fwa!
Li evidan, m ap dòmi nan yon lòt kay epi tout dèy t ap pral fini.
Micaëlle Charliflor
😂😂😂😂 anmweey !!!
RépondreSupprimerAvèk pèseverans n ap jwenn trip foumi