3M

Bon rekòt sis!
Pawòl sa yo te fè Ana sonje li nan twazyèm ane depi li janbe almanak e li potko regle anyen ak vi li. Li kay paran li toujou, li pa menm gen yon chanm poukont li; li p ap travay; li pa gen okenn papye lekòl menm diplòm filo, paske se nan rakèt li te ale twazyèm fwa a e li te resi pase. Men li pa t jan m ka jwenn diplòm nan. Li eseye aprann plizyè bagay, kosmetolojo, syans enfimyè, gen yon epòk ou te menm tande l ap di li nan jeni sivil. Gen yon vwazin ki te manke toufe lè l tande pawòl sa a, tèlman l t ap sere yon ri.
   Ana te santi l initil, yon plen kwen. Sèl sa li rete oswa li genyen e l ap goumen pou l kenbe se legliz. O mwen nan espas sa a li te genyen yon okipasyon. Li se monitè e li konn ale fè etid. Lè li sonje sa, li soulaje epi li di si : "legliz ban m diyite m, fòk mwen fè yon jan pou m rache valè m ak respè m nan men l, nan fanmi m tou ak nan vwazinay la."

         Lè li obsève legliz la, li wè moun yo leve anlè, sa yo pote sou tèt yo se sa k gen lajan yo ki toujou byen abiye, toujou ap fè zèv. Sa k pale chèlbè yo, anvan anyen yo sou chè a ap pwenti bouch yo. Li pa t nan kategori sa yo, li te kòmanse dekouraje. Nan obsève toujou, li wè lè de jenn marye yo gade yo yon lòt jan. Jou li fè dekouvèt sa a, li danse plis nan adorasyon an, li pale an lang nèt al kole li menm manke al temwanye.

 Li swiv nan jenès maskilen an, li wè Tony. Misye te rete kay frè l, li te sanble inosan. Manmzèl rive sou li ak yon sèl objektif "Maryaj". Men jenn bray la pa t konnen. A 25 an li te vini nan kapital se pou l al lekòl, koze konsa potko nan pwojè l, menm nan nouvo segondè li potko ye.
   Ana anvoute Tony, li fè l konnen plezi lachè. Men li te gen yon plan byen bati nan tèt li, li te konn sa l t ap fè. Pandan yon lòk konsa, li pa janm fè anyen ak ti malere a. An bon frè legliz, li pa t vle satisfè poukont li
Mank enfòmasyon tou. Epi pandan tan sa a Ana ap imajine kòman l pral pran maryaj li a. Kòman l pral mete plan l an èv. Kòman li pral pran respè l nan je tout moun. Yo pran randevou, Ana aplike sa l te prepare yo.

Kèk semenn apre li kontakte Tony.
- cheri m bezwen w
- ok bebe, n ap pale apre sèvis.

Lè Ana di Tony li ansent, misye prèske kriye. L ap mande Ana sa yo pral fè. Ana li menm li kè pòpòz l ap ri nan kè, objektif li prèske atenn. Tony di li p ap kapab. Li pa pare pou sa.
- anh se vre, ou pa pare? Edyen dakò.
Ana vire do l, li ale. Yon bon tan pase, mesye dam yo pa janm pale. Tony pa t konn sa pou l te fè. Li pa chèche jwenn ak Ana. Li la, l ap priye l ap tann yon mirak. Epi yon bon oswa yon move jou tou, telefòn li sonnen, se te manmam Ana.
- alo, vwa Tony tou ap tranble
- gason m, m pa rele w ni pou de ni pou twa bagay. Ou wè pitit mwen an ou gwòs la? Swa w marye, ou mourir, ou mawon oswa m fout ou yon maladi.
Yon dimanch maten apre legliz, Tony mande Ana :
- poukisa w fè m sa?
Li gade Tony li reponn :
- m p ap marye mwen menm?



👇
Videyo ki koresponn ak tèks sa disponible sou YouTube. Tape Chez MikaBBF sou platfòm nan😊
Mèsi anpil😍

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Il faut prendre le risque de vivre

La course à la domination

Soleil blessé