Chanpyon







Menm si mwen patisipe nan plizyè konkou deja, jeneralman, mwen pa renmen konkou. Paske m twouve chak moun gen kapasite yo e li pa nesesè pou mete yonn anfas lòt epi sa ka fè nenpòt vye emosyon ak santiman parèt si pa genyen sa yo rele "fairplay" la. Pafwa konkou a konn parèt li pa ka pa fèt lè se yon bagay tout moun pa ka benefisye. Apati konkou "Haïti Jeunes Talents", m kòmanse bay koze sa yo rele konkou a yon lòt valè. Pi gwo valè m wè l genyen se paske li pouse w fè plis efò, bay tout ou menm, dekouvri kapasite ou pa t menm imajine ou genyen.
Nan tèks sa a, m ap pataje ak nou de (2) koze. Premye a, se dekouvèt m fè sou mwen. Lòt la, se rezon ki te fè m chwazi entèprete "Ban m yon ti limyè" mizik Manno Charlemagne la.

Mwen, m se yon "package"
Depi m gen lespri m te toujou renmen tout sa k nan za e m te di toutotan m jwenn mwayen pratike yo m ap fè sa. M ap chante depi m piti, m te mande manman m mete m nan dans li te di sa pa bagay moun legliz (men sanble se te yon repons pou l te fè m poze san m ak koze sa a), m te kòmanse aprann mizik, mwen ekri (menm si m pa regilye e m poko pibliye), m nan atelye teyat e m menm jwe deja. Se pou m montre nou jan m renmen koze sa yo rele za a e m layite kò m ladann.

Nan final konkou a, pou mwen, se yon espektak m te ofri (moun ki te la ka temwanye sa a). E se mwen ki fè mizansèn, mwen ki prepare akseswa, mwen ki jwenn kostim apwopriye, mwen ki fè aranjman nan mizik m te chwazi a. Kidonk, poukont mwen, m te fè travay o mwen kat (4) pwofesyonèl nan kat (4) domèn diferan. E travay la te byen fèt wi souple. M fyè de sa, m p ap janm bliye l. E se konkou an ki fè m reyalize m ka fè tout sa.

Yon chwa, yon angajman

M konnen ki tenb vokal mwen genyen e franchman m fè anpil pwogrè. Lè m te pi piti m prèske pa t ka chante nòt grav men kounye a m ouvè kò m ladan yo. Fòk m di nou, m te gen gwo pwoblèm pou m te chwazi ant "SOS d'un terrien en détresse" Daniel Balavoine ak "Ban m yon ti limyè" Manno Charlemagne. Finalman m te chwazi dezyèm nan e m te chante l akapela.

Chwa sa a se te premyeman pou m bay Manno Charlemagne yon omaj, li te mouri dis (10) desanm 2017. Omaj pou lit li te mennen, omaj pou tout sa l te denonse nan mizik li yo. Dezyèmman, se te pou jenn yo sitou sila yo ki nan jenerasyon m. Anpil nan yo, pa konnen estil mizik sa a yo, ni chantè sa yo ki pa t chante pou chante. Epi finalman, m te chwazi mizik sa a paske menm si konkou a nasyonal, li gen yon nivo entènasyonal, alòs sa k pou mwen, sa ki kilti m nan, m te deside mete l anba pwojektè.

Haïti Jeunes Talents, antanke konkou, te genyen kèk bon ti fay nan  òganizasyon an men li ede m nan wout evolisyon m, mèsi pou sa. Nou menm tou, konkiran yo, nou te yon jan endisipline. Mèsi espesyal pou sèt (7) grenn moun ki te deplase pou ale wè m, sipòte m e sitou bay mwen vòt ki te sou 30% nan nòt la (gen finalis ki te gen nenpòt 40 moun prezan men an n pase sou sa). Mèsi moun ki te di m yo la ak mwen an espri. Mèsi moun ki te bay mwen asirans nan chwa mizik la. Mèsi tout moun ki te swete m siksè. Randevou pou yon lòt konkou pou m aprann plis, pou m dekouvri m plis epi pou m chanpyon ni pou tèt mwen, ni pou moun ki renmen m e ki sipòte m ni pou konkou a. 😊😍




Klike la 👇pou w wè Jan mwen te ye😊😚 (abiman epi chan an)
https://youtu.be/PXIwMpCvCVQ

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Il faut prendre le risque de vivre

La course à la domination

Soleil blessé