Priyè m pou ou

 ▪︎Pwezi




Se pou lè w wè m

Tout kò w pike w

Pwa grate

Leve danse

Anlè anlè

Chalè


Se pou lè w gade m

Tout anndan w tranble

Nanm sekwe

Trip mare

Venn kòde

Lespri boulvèse

Kè dekadnase


Se pou lè m frape nan lide w

Ou leve kanpe

Souf ou monte

Swè koule

Lespri w kreye


Se pou lè je w nan je m

Ou santi w byennere

 jèbèdè

Pa te kwè

Arivis


Se pou lè w lonmen non m

Ou santi w plen

Fòs

Limyè

Dedouble

Nan non enèji a



                                                          Micaëlle Charliflor

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Il faut prendre le risque de vivre

La course à la domination

Soleil blessé