Nou tout viktim
![]() |
| Sous : Facebook |
Moun ki li nan gwo liv yo, ki gen posiblite oswa chans ale lekòl fè etid avanse yo, èske gen yon konsèp ki tradwi sa m pral di la a? "Yon sèl moun viktim dirèkteman men tout lòt moun ki fè pati yon kategori nan sosyete a viktim endirèkteman." Tanpri souple ban m yon ti limyè!
Jodi vandredi 16 oktòb la fè 15 jou depi Gregory Saint-Hilaire mouri nan sitiyasyon nou tout konnen. Gen nan nou, menm si n ap pale, n ap mache, nou tou mouri dèyè Greg. Sa k fè sa? Paske nan sa n te kwè a, nou wè l prèske pa itil anyen. Nou te kwè nan chita lekòl, bat nay nan etidye, depanse lajan nou pa genyen pou achte dokiman, fè efò sou tèt nou pou n li, aprann, konprann epi pou n mete men nan pat la, pou kontribye nan chanje sitiyasyon sosyete nou ye a. Men depi kèk tan, nou wè moun ki fè wout sa a, yo tounen kat make e yo pase a lenfinitif. Nou pèdi lespwa e se pa mwen ki di l "Lespwa fè moun viv".
Gen nan nou, depi jou sa a, ki pa mete tèt deyò. Sèl kote nou gen pou nou ale se nan fakilte men l fèmen. Gen nan nou, depi jou vandredi swa anraje sa a, nou prèske pa gen yon goud. Tout ti ekonomi nou se pou konpayi telefonik yo, pou n ka rete konekte pou n plizoumwen update nan nouvèl yo, zen yo, buzz yo men pou n eseye chanje lide nou tou.
Gen nan nou, depi 2 oktòb, depi nou poukont nou pou yon ti tan depresyon soti pou vale n san l pa menm bezwen yon grenn sèl. Konsa tou gen nan nou, ki endiye plis, ki leve kanpe, k ap mande jistis.
Si se pou viktim, nou viktim chak jou, tout jan, tout kote, nan tout sans. Kounye a, se kisa n ap fè ak sa? Nou tout ap touye tèt nou oswa n ap angaje n?

Commentaires
Enregistrer un commentaire