"Kwonik Twokèt", Chay la te pwès

▪︎Enpresyon

Depi se jenerasyon m, se mwen! Chak yon jenn nan jenerasyon fen ane 90 fè yon bagay ki konstriktif, reyalize yon bagay ki kreyatif, m kontan. E lè zèv sa oswa reyalizasyon sa a rive sou mwen, m jis fyè. Si nan fen ane 80 yo, jenès la te gen lòt medyòm, lòt fòmil, lòt platfòm, lòt espas pou yo kreye, pwodwi, rankontre, fè echanj, valorize travay yonn lòt, nou menm jenn alèkile yonn nan pi gwo platfòm ki konekte nou se "rezo sosyal" yo. Ebyen, yonn nan yo te fè m dekouvri yon may nan chèn ki bay lespwa e m pral bay nou enpresyon m sou yonn nan sa l reyalize paske l gen plizyè chapo.

Nou nan mitan konfinman. Si genyen se liv ki te ede yo kenbe, gen lòt se mizik, kreyativite, ekriti. Gen yon lòt kategori moun se rezo sosyal ki te bay yo kouraj. Mwen te pami moun sa yo (m te lage nan lekti a tou, m te menm fè yon ribrik men se pa koze a sa). Se nan vin aktif sou rezo sosyal, espesyalman Twitter, m te dekouvri Florentz Charles aka PapiPwezi. M pa t pran tan pou m te admire travay li. M kwè lè sa a se te yon ti bout powèm li te tweet.

Apre sa li te vin ap fè yon bagay tankou yon Korespondans Powetik (yonn ap pale epi reponn lòt an pwezi) ak yon lòt jenn mwen admire tou ki se Stephana Dorval aka Kokiiyol. Epi m te tou follow Florentz. Yon bon jou m wè yon lyen Instagram, m klike, epi BOOM💥 m tonbe sou "Kwonik Twokèt".
Jan non an di l la, "Kwonik Twokèt" se yon kwonik. Sa vle di se yon istwa ki ekri e ki twouve l nan yon peryòd byen prensi e otè a rakonte chak sitiyasyon, chak tan fò ki fè entrig la. Efektivman, kwonik lan te gen kat (4) sezon ak plis pase karant (40) epizòd. Nan linèt pa m, kwonik sa ta ka fè yon bèl "script" pou yon seri pou adolesan ak jenn granmoun malerezman pa gen mwayen sa a pa bò isit. Nan entrig, toujou gen yon bagay ou pa t atann ki vin epate w epi ki ba w anvi li yon swit w ap jwenn apre 2/3 jou.
Premye eleman ki te epate m se kesyon lang lan, li pa fasil pou w jwenn jèn ap fè kalite pwodiksyon sa yo an kreyòl. W ap jwenn enpe ki ekri kèk powè m, kèk bout tèks, kèk nouvèl oswa resi an kreyòl. Men Florentz se omwen de mil (2000) mo li toujou ekri, e se pandan yon bon bout tan ki long epi regilye. Sa k te pi bèl la, ou te ka wè aklè tout pasyon powèt la mete pou l itilize lang lan san kontrent, san baboukèt, san okenn prejije. Pou mwen, se yonn nan pi bèl bagay ki fè orijinalite Florentz.

Dezyèm eleman ki te make m anpil tou e mwen te trè apresye se jan pèsonaj yo evolye pandan tout kwonik lan. Se yon istwa ki travèse o mwen kat (4) lane san konte flashback yo. Pèsonaj yo grandi, yo aprann, karaktè yo fòje. Ou rive viv tout sa yo viv etan w ap li epi ou santi evolisyon yo. Soti nan touman adolesans yo, pase nan matyè yo voye nan fè foli jis ou rive nan lè yo grandi, aksepte erè yo epi pouse bourik yo.

Twazyèm e dènye bagay m deside pataje kòm enpresyon se jan otè a antre nan sa l ap fè a pou l ateri sou piblik la. Nanpwen lektè "Kwonik Twokèt" ki ka di yo pa soti ak o mwen yon leson apre o mwen chak sezon (pou m pa di chak epizòd). Nan sezon "Fokis Rachèl" pa egzanp genyen anpil mit ki devwale sou vodou a. De bagay nou pa t nesesèman konnen, oswa nou te mal konprann, otè a bay nou limyè sou yo. Tankou kijan yon seremoni vodou fèt, kisa ki nan yon lakou diferan tip lwa elatriye.
Temwanyaj

Madi vennkat (24) novanm 2020 an, dènye epizòd la te pibliye, Kwonik Twokèt te rive nan bout li. Anpil lektè te bay apresiyasyon yo. Pami yo, m te kontakte twa (3) pou temwanye de kwonik la. Nelly Castyl, ki te dekouvri paj Florentz lan pa rapò ak yon demwazèl ki te toujou konn repost pezwi Florentz, te lage l konsa :

" Chak epizòd t aprann mwen yon bagay diferan l. Chak epizòd te gen yon moralite li te degaje. Chak epizòd te gen yon sansasyon li t ap fè pase nan kò w ak lespri w. Epi san konte chak fen epizòd yo ki te kite w ak yon sispenns ki onètman te nève m😂😂 M fin li epizòd lan Madi m oblije tann jis Samdi pou m konnen sa k pase... Gen epizòd ki fè w pè,gen ki entrigan, gen ki tris, gen ki cho💦, gen ki emouvan, tou depann de sitiyasyon pèsonaj yo retrouve yo. Sezon prefere m se te « Yon bibil mal kalkile » . Rezon an: Li montre m reyalite an toupi. Fenomèn sa yo rele « Bestie » an loll k ap bonbade rezo sosyo yo sitou paske gen de moun ki toujou ap itilize enfliyans yon moun pou fè l gen non. Mwen trouve nan sezon sa yo fè nou konn yon pati nan Sofi yon Sofi ki te nayiv, yon Sofi ki te blese, yon Sofi ki t ap chèche fè plas li nan mitan yon bann moun ki pa t vrèman sanblab li. Sa m ka kòmanse di Flo se •MÈSI•, poukisa? Paske l aprann mwen anpil bagay kit se sou kilti peyi a, sou mit nou, sou orijin nou. E se sa m ka di ki te plis atire m nan ekriti li yo. Li te orijinal, li gen yon stil ki pwòp a li menm, li ekri yon fason pou tout moun konprann sa l ap ekri an, pou tout moun wè sa l ap di, pou tout moun santi sa chak pèsonaj ap resanti. Lè yon pèsonaj ap kriye li fè nou santi soufrans lan. Lè yon pèsonaj ap ri, li fè nou santi lajwa k ap degaje nan pèsonaj la. Lè pèsonaj la an kolè, li fè w santi kolè a. E lè pèsonaj la damou, li fè w wè tout sansasyon lanmou ka pote nan lavi moun. Flo ekri nan yon fason ki inik e mwen prèske pa wè otè yo fè sa, ekri yon tèks antyèman an Kreyòl🙏🏻 e k ap pwone kijlti peyi nou. M prefere gen yon lòt kwonik. Mwen anvi gen nouvote. Yon lòt istwa. Yon lòt dewoulman. Anpil lòt leson. Anpil bagay pou m aprann kit se sou kilti peyi a kit se sou koutim ak rityèl nou menm pèp ayisyen."

Temwanyaj sa a apiye pifò nan sa m te di avan yo e li menm konplete. Mèsi anpil Nelly. M p ap twò di anyen ankò. Sèlman m ap di Florentz kenbe otantisite w e tanpri rete kreyatif. Mwen ak tout lektè w, fan ou yo, piblik ou a renmen w.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Il faut prendre le risque de vivre

La course à la domination

Soleil blessé