M bouke ENDINYE

Tèks sa a, m pa wè jan pou m ta kòmanse l. Tèlman bagay yo anpil, tèlman sitiyasyon an mangonmen. Men si w chwazi klike sou lyen an, ou rive la, pran tan w, pran san w pou li.
Mwen gen 22 lane, senk dènye lane sa yo m rive pi konsyan de tèt mwen ak espas kote m ap evolye. M rive konprann m dwe enplike m nan jan espas sa a mwen ladann nan ap fonksyone, voye je sou jan l jere. Men m pa t leve nan sa. M leve nan chita tann menm jan ak anpil nan nou dayè, pou m pa di pifò nan nou. M leve nan plenyen pou sa k k ap mal mache yo, kèk fwa denonse sa, e nan ka ekstrè m nan endinye m. M leve nan lide, gen yon jou sa ap chanje men se pa mwen k ap poze aksyon pou sa, m dwe jis priye epi sovè a ap vin delivre m. Men tout sa se bobin e finalman m bouke endinye m. Chak lè yon moun viktim -sitou lè se yon jenn, nou tout ap joure manman leta. Nou tout santi n ta rele anmwey. Nou plede fè lis moun ki te viktim deja kòm ki dire memwa nou tounen chak lè gen yon nouvo ka. E m ri! M ri olye m kriye! M ri pou raj la pa fin kankannen trip mwen. M ri nou! M ri paske m konnen nenpòt moun-jèn- ki ta viktim nan tout pwojè ap kontinye vanse, tout aktivite ap kontinye dewoule, tè a ap toujou kontinye vire, epi solèy la ap kaka sou endiyasyon nou an. Nan sa n ye la, nou rive nan yon moman endiyasyon pa sifi. Bagay la se : endiyasyon + aksyon. Wi! Nou dwe aji paske menmsi lapawòl gen anpil pouvwa men isi ba li pa janm sifi. Aji a se pa konsa konsa non. Se pandan n ini, epi pandan n adopte yon bon estrateji. Aji a tou se pa pandan n ap abandone tout lòt aktivite. Nou dwe kontinye ale lekòl, aprann, kreye, pataje. Paske sa yo ap itil nou apre. Wi nou vle sa chanje, nou sipoze leve kanpe pou sa men an menm tan nou dwe panse ak apre a. Aji a tou, se pa pandan n nan laperèz, nou pè soufri, nou pè mouri. Pati sa, fè m panse ak yon ti moso nan listwa peyi a yo te aprann nou. Yo te aprann nou zansèt yo te leve kanpe, yo te batay men yo pa t aprann nou yo te planifye pou sa k ap vini apre batay la. Petèt se yonn nan rezon ki fè apre 216 lane apre, nou nan nivo sa a toujou. Si n ap pran egzanp sou ewo nou yo, an n evite erè yo te fè. Chak lè gen yon zak konsa, yon endividi komèt, yon fason ou yon lòt li aji sou nou. Mwen pèsonèlman, m konn kriye, m vag sou prèske tout aktivite. M twouve se kòve m ap fè! M mande sa sa ap itil epi m rete la, m ap respire, m ap gade, epi m jis di m petèt yon jou se ka mwen. Si se pa t "Valè" m bay lavi ak moun m konnen ki renmen m bagay serye m t ap panse ak jan pou m travèse travèse m poukont mwen. M pa t ap tann se endividi san mounite ki vin etenn limyè m. E non! Se pa t ap yon zak lachte, se t ap fason pa m pou m pwoteste, endiyasyon m t ap bout la! Men m vin sonje m ka pi itil vivan... Gen nan nou se plan n ap fè pou n ale, m pa kont sa, nou gen dwa sa. Men sonje, nou tout p ap janm ka ale. Gen nan nou ki tèlman vin depresif, ki strese menm risk soti nan lari a nou pa pran. Si sa se pa yon fòm lanmò n a di m. Si n vle viv, an n batay pou sa. Endiyasyon pa sifi fòk gen aksyon.

Commentaires

  1. Bel tèks Mika !!! Endiyasyon an rive lwen... Finalman s on kòd nap chache pou n mare souf nou pou l pa chape. Powèt : Zizou

    RépondreSupprimer
  2. Fen an frape m anpil Mika... Kouraj menm lè sa m di an pa vle di anyen. Bon konba pito

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Il faut prendre le risque de vivre

La course à la domination

Soleil blessé