#TRIAKK, yon zèv ki marande rechèch, estetik ak batay
Se pa elòj ni voye monte men, apre m fin tande #TRIAKK m santi m ta rap tou. M pa konn rap ditou, m poko janm eseye men m pa kwè m kapab non plis. Erezman nan "JÒF", douzyèm tit sou albòm nan,yonn nan MC yo di "se tout yon mouvman, se pa talan" ; se Règleman Afè Popilè. Kidonk m ka nan RAP san m pa rap pou otan. Mwen gen lòt bagay m ka fè, m a fè yo. E m panse nou chak ta dwe pran desizyon sa a : fè yon sèl, nan yon grenn mouvman, pou nou reklame tout sa n nesesite, tout sa n merite ansanm, pandan n ap bay patisipasyon n ak tout nanm nou nan nivo nou kapab.
M kòmanse tèks la tankou se fini m t ap fini l, petèt paske se "Patchakouti", twazyèm tit sou albòm nan, ki te rive sou mwen an premye pami tout tit ki pi rive sou mwen yo. " Patchakouti se kawo, se dezòd, sa k anba vin anwo, sa k anwo vin anba". Antouka se pa mwen ki ap premye di l, tou le 14 track #TRIAKK frape fò. Se petèt sansibilite w ak sibjektivite w ki ka fè gen kèk tit an patikilye ki make w. Nan #TRIAKK l ap difisil pou w fè yon tòp 5 pa egzanp, paske albòm nan poukont kò l TÒP.
Nan linèt pa m, "Tribilasyon ak Kè Kontan" -#TRIAKK- se yon liv istwa, oswa yon radyografi sosyete ayisyèn nan soti depi nan kolonizasyon (e menm anvan) pou rive jouk jounen jodi a yon listwa ki rakonte nan yon lòt pespektiv. #TRIAKK se pa mizik ou ka tande pou w fè tan pase oswa pou w libere lespri w, nan sans pa panse ak anyen. Se mizik ki raple w, kèlkeswa ran w nan sosyete a règleman an ak batay la konsène w sof si w nan yon move kan antouka. Dayè pawòl la pale nan "ETMK", setyèm tit la, " Hip Hop nan kas ou pa Di m tèt ou pa souke, Ou nan bon kan si w tande sa ou pa choke". Se lyrik ki louvri je w, ki pou fè w leve sou nich ou, sòti nan zòn konfò w epi pou w aji. E w mèt kwè m, ou p ap aji pou tèt ou sèlman! W ap aji pou viv ansanm nan, pou byennèt kolektif la.
Gen plizyè lòt bagay ki travay lespri m lè m ap konsome #TRIAKK. Men 4 ladan yo:
1) Jan albòm nan fèt la, nouvo souf li bay zafè rap la. Rapè yo mete an valè plizyè lòt estil mizik popilè nwa yo te kreye e yo te konn pratike tankou Jazz,Blues, Soul. Se yon bagay m renmen anpil anpil paske, se pa yon afè vin monte sou bit epi lage flo men se tout yon travay, tout yon aranjman mizikal ki gen nen nan figi l.
2) Ou santi travay la, zèv la chita sou yon baz ; li gen yon kote l soti pou l rive la. Sa a klè nan "JÒF", douzyèm tit la ak nan tout albòm nan (lè m konsidere mizik Toto Bissainthe ki parèt yo pa egzanp). Se pa yon loray kale, se tras pi gran yo y ap swiv pandan y ap ajoute touch pa yo.
3)Ak albòm nan m rive konprann plis bagay sou tèt mwen. M pa yon moun ki konnen rap e m pa t pi konn tande l pase sa. Nan "Rasanbleman", dezyèm tit albòm nan, kote yo fè yon rale mennen vini sou mouvman rap pa bò isi, nan tout gwoup ak non ki site yo, apèn si m konnen de oswa twa.
Depi 17 oktòb albòm nan lage men se de mwa apre (17 desanm) m resi koute l e depi lè a m tande l chak jou-men m pral oblije fè yon poze pou m kòmanse prepare egzamen.
4) Se tit Tribilasyon ak Kè Kontan an menm. M pa t janm ka konprann kòman fè yon Ayisyen ka ale nan manifestasyon nan maten oswa nan jodi, epi nan pita oswa nan demen li nan yon aktivite plezi kèlkonk. Avan, m te konn panse se paske moun sa yo enkoyeran, okontrè se pa t sa ditou e R.A.P fè m konprann sa sou yon tichèz. Ti pwovèb ki di "se an machan bourik, bourik poze" a esplike sa klè. Se detan Ayisyen an ap batay, ap revandike li pran plezi l oswa envès la tou.
M pa t ap ka fin bay enpresyon m sou #TRIAKK san m pa presize tit ki rive sou mwen yo epi di yon ti koze tou piti sou kijan yo make m e sa k fè sa.
▪︎"Patchakouti", paske l ouvè je m, paske li fè m rive aksepte li nòmal pou m ap poze tèt mwen de seri kesyon tankou : si pa t gen kolonizasyon kòman istwa peyi m t ap ye, si yo pa t bwote Afriken yo vini sou bout tè sa èske m t ap egziste elt. Li fè m konprann tou, jan w rakonte yon koze pa janm inosan, ladann gen enterè k ap defann. Yo ka rakonte w yon menm istwa yon fason pou w reziyen, fyè oswa revòlte sa depann de moun k ap rakonte a.
▪︎"ETMK", jis paske l fè m panse ak retou Jezi Kris kretyen yo (riii). Revolisyon an ap rive sou ou an gwo bout bèt kit ou pare ou pa. M twouve l fè yon rale mennen vini sou jan n itilize rezo sosyal yo nan batay pou byennèt n ap mennen an ; wòl yo jwe nan sa. Epi li fè konprann g on moman k rive, fòk nou kite vityèl la pou n pran beton an, pou n aji nan reyalite a. "Kanè sekrè". MC yo mete yo toutouni devan nou. M rive konprann militan pa bout bwa, yo gen istwa yo, santiman yo. Epi nou ka ap batay ansanm men nou chak trennen lapèn pa nou, moso lajwa nou tou. Epi mizik la sansib nan tout li menm (enstrimantal la, refren an, Verse yo) ou santi emosyon yo nan vwa ni chantèz la ni rapè yo.
▪︎ "Pou demen", pou mwen track sa te ka yon "Hymne" pou chak moun ki kwè paske ladann yo pale de poukisa y ap batay, yo pale de rèv la, de espwa a. Wi, sa ka chanje!
▪︎"Lento", m pa ta ka pa mete l nan lis la. M renmen l pou akapela a (akapela s on estil m renmen menm). Epi Vava, pèsonèlman ban m lespwa paske m te toujou reve yon chantèz men pa nan moul chantèz alèkile yo. Mèsi Vava!
Alaverite, m te ka site tou le katoz tit yo epi di sa m renmen ladan yo (petèt m a fè sa nan yon lòt tèks oswa sou rezo m yo). Men an atandan, m twouve #TRIAKK se yon zèv moun p ap janm janm fin pale de li, se yon sous ki plen e ki difisil pou seche ; ou pa ta di tank w ap pran se tank l ap plen.
M tande albòm nan apre de mwa li soti, m pa regrèt paske m rive gen plis enfòmasyon sou zèv/travay la. Pa egzanp, se pa mwen ki ap fè nou konnen "Tribilasyon ak Kè Kontan" se tradiksyon orijinal Tribulation et Joie de vivre, yon atik Jean Casimir. Se pa mwen k ap aprann nou non plis imaj ki ilistre albòm nan se tablo yon pent Ayisyen, Pauléus Vital ; tit tablo a se Abeille attaquant un solitaire avant la coumbite e menm tablo sa sèvi kouvèti pou liv ki ede mesyedam yo nan kreyasyon yo a. Se toujou Jean Casimir ki ekri l. Finalman otè sa a se yonn nan referans yo, "Une lecture décoloniale de l'histoire des Haïtiens, du traité de Ryswick à l'occupation américaine (1697-1915)", se tit liv la. M p ap menm pale de pwezi ki nan tout tèks yo, ni m p ap raple jan yo ranmase kilti ak lang kreyòl ayisyen an nan albòm nan. Pataje avi m sou #TRIAKK apre de mwa li soti pèmèt mwen aprann plis e m gen fòs ak kouraj pou m di : Wi, m se yon ADERAN! Ak tout konsekans sa genyen.

Commentaires
Enregistrer un commentaire